Lapolis anonse arestasyon yon manm gang Kanaran

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
lapolis anonse arestasyon yon manm gang kanaran

Ekip kominikasyon Lapolis Nasyonal Dayiti a, nan yon nòt ki pibliye jodi vandredi 31 mas 2023 a, fè konnen PNH la mete anba kòd Geffrard Wesley, ki gen 40 lane prezante kòm yon manm nan gang Kanaran an, Mèkredi pase a.

Daprè sa enstitisyon Lapolis la di, mesye 40 lane sa te jwenn arestasyon l pou enplikasyon li nan zak malfektè gang Kanaran t ap mennen, gang sa yon nome Jeff ap dirije.

Geffrard Wesley ki se moun Boukan Kare (Boucan-Carré), yon vil ki nan depatman Sant lan, te espesyalize l tou nan reparasyon machin bandi ak zam sa yo ap itilize pou fè operasyon.

Mete sou sa, PNH la di akize a te travay kòm yon eskout, degize kòm yon chofè transpò piblik, pou fè wout Chada-Bon repo (Shada-Bon Repos), Kanaran/Titanyen.

Pou kounya Geffrard Wesley, nan men Lapolis annatandan aksyon legal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.