Makenzy Orcel nan lis premye seleksyone Prix Goncourt 2022

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Kredi foto : loop Haiti News

Avèk roman “Une somme Humaine” ki pibliye nan mwa dawout ki sot pase a nan edisyon Fayot et Rivages, Makenzy Orcel prezan pami 15 premye ekriven ki seleksyone yo pou Prix Goncourt 2022 an nan peyi Lafrans.

Jounen madi 6 septanm 2022 an, manb jiri Goncourt yo devwale 15 premye ekriven ki chwazi yo nan okazyon edisyon k ap fèt pou 2022 an. Makenzy Orcel, avèk roman 624 paj li an, « Une somme humaine », pami 15 premye seleksyone yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè kritik ki fèt sou liv sa, ekriven ayisyen an, nan roman sa, fè tande vwa yon ewo fanm ki sòti depi isiba. L ap rakonte nan yon seri kanè li pran pou tan ak lanmò, yon anfans ak yon jenès ki gaspiye, yon vi ak yon desten ki brize.

De lòt seleksyon ap gen pou fèt ankò nan dat 4 ak 25 oktòb k ap vini la pou dezyèm ak twazyèm seleksyon an kote pap gen plis pase 8 epi 4 liv k ap rete avan 3 novanm ki se dat ki fikse pou remèt Prix Goncourt 2022 an ak loreya edisyon sa.

N ap raple, nan dènye edisyon an, Prix Goncourt 2021, ekriven ayisyen Louis Philippe Dalembert te egalman fè pati premye gwoup ekriven ki te seleksyone yo pou edisyon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.