Nan kad final Mondyal klèb yo fas Al-Hilal nan peyi Mawòk, Real Madrid genyen klèb sawoudyen (5-3), jodi samedi a, nan vil Rabat. Vinicius, Benzema ak Valverde ofri Madrilèn yo yon 5kyèm tit nan zafè Mondyal klèb yo, malgre defans lan tap mòde lage.
Real Madrid rive pran yon 5kyèm fwa Mondyal klèb yo aprè li fin bat ekip Al-Hilal la 5-3. Gras ak Vinicius ki fè yon double, Valverde ki ale nan menn sans la epi Karim Benzema, Madrilèn yo pran 100tyèm trofe nan tout istwa yo.
Jwè C. Ancelotti yo montre kalite teknik yo fas klèb sawoudyen an pou final Mondyal klèb yo nan vil Rabat. Vinicius ki toujou reponn nan chak match Real Madrid yo, ta pral make premye gòl la pou Casa Blanca yo nan 16zyèm (1-0) minit epi Valverde ta pral double miz la nan 18tyèm minit(2-0) epi Moussa Marega ta pral redwi mak la pou Al-Hilal nan 26zyèm minit.(2-1)
Nan dezyèm mitan match la, jwèt la ta pral chofe bò kote tou 2 ekip yo. Benzema ki te pat ka jwe demi final la, ta pral jwenn chemen filè a nan 54yèm minit. Tou swit aprè, bitè ekip Al-Hilal la, Luciano Vletto ta pral fè 2 gòl (63zyèm ak 78tyèm).
Ekip Real Madrid la pat kanpe la, paske Vinicius(69vyèm) ak Valverde (58tyèm) te reyalize yon double pou ofri Casa Blanca yon 5kyèm tit nan zafè Mondyal klèb yo.
Facebook Comments