Lapolis nan Bon Repo libere 2 otaj bandi te kidnape

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
lapolis nan bon repo libere 2 otaj bandi te kidnape
Ayè dimanch 15 janvye a, fòs lòd yo nan zòn “Moleard”, nan Bon Repo, rive libere 2 otaj bandi te kidnape alòske yo te nan wout pou yo rantre nan baz yo, pami viktim yo gen yon pwopriyetè otèl.
Sou rezo sosyal li yo, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen se nan moman kriminèl yo al tonbe bab pou bab ak yon bakòp Brigad Entèvansyon (BI) yo rive fè kou a. Bakòp konsène a t ap fè tchèk woutin sou wout la.
Pou tante chape kò yo, kidnapè yo te louvri kout zam sou polisye yo ki te oblije riposte, nan echanj kout gen youn nan yo, ki se Djery, ki fè vwèl pou peyi san chapo. Rès yo, malgre gen nan yo ki blese, rive sove, se sa nou aprann.
Lapolis, pandan entèvansyon sila, rive rekipere machin bandi yo t ap fè zak la, se yon Toyota Land Cruiser. Anndan machin sila polisye yo jwenn 2 plak ki imatrikile AA-65533. Yo rive sezi tou 2 motosiklèt.
Yon lòt kote ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP) lapolis la enfòme bandi sa yo rele Djery a se yon manb aktif gang Kanaran, ki espesyalize nan detounen kamyon machandiz, vòlè bagay moun, fè kadejak ak kidnapin, elatriye.
Pooshy Rosana

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia