Lis jwè ki jwe tout match yo pandan yon sezon NBA

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
lis jwè ki jwe tout match yo pandan yon sezon nba

Jan nou konnen l deja, sezon regilyè nan NBA a gen 82 match ladan l. Depi lè pi gwo lig baskèt nan mond lan egziste, gen yon kantite jwè ki rive jwe tout match yo sou sezon an. Gen nan yo ki jwenn chans fè sa plizyè fwa menm.

Nan tout istwa NBA a, gen 2 jwè ki fè 9 sezon san yo rate yon match nan sezon regilyè a. Se Michael Jordan ak Wilt Chamberlain. Ansyen lejand Chicago Bulls la te la pou ekip la pandan tout sezon an nan lane sa yo : 1985, 1987, 1988, 1990, 1991, 1996, 1997, 1998, 2003. Chamberlain ki te konn jwe ak Golden State pandan yon tan te fè tout match yo pandan sezon 1961, 1962, 1963, 1964, 1967, 1968, 1971, 1972 ak 1973.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tim Duncan se youn nan lejand ki fè anpil sezon konplè. Li fè sa pandan 3 fwa (1998, 2001, 2002). Kobe Bryant li menm jwe tout sezon an pandan 4 fwa (2003, 2008, 2009, 2011). Lary Bird ki se yon gwo pilye nan istwa Boston Celtics fè sezon 1980, 1981 ak 1986 ap jwe tout match yo. LeBron James, kòm jwè ki an aktivite, rive jwe sèl sezon 2018 la an plen.

Gen gwo lejand nan jwèt sa ki pa t jwe tout 82 match yo pandan yon sezon menm. Nou ka site Magic Johnson, Shaquille O’Neal ak Bill Russell.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.