Lapolis nan Grandans arete yon pwofesè lekòl pou vyòl sou yon tifi 15 lane

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis nan grandans arete yon pwofesè lekòl pou vyòl sou yon tifi 15 lane

Ayè madi 13 jen 2023 a, Brigad Pwoteksyon Minè (BPM) nan PNH la arete Philippe Decossa, yon pwofesè lekòl, pou swadizan enplikasyon li nan yon ka vyòl sou yon elèv lekòl 15 lane. Daprè sous nou yo, arestasyon nonm lan fèt nan 5èm seksyon Dichiti, komin Pestèl, nan depatman Grandans peyi a.

Toujou daprè enfòmasyon yo, pakè Jeremi te mete yon manda arestasyon dèyè swadizan kadejakè a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, daprè jounalis Theriel Thélus, nan emisyon Ti Koze ak TT, lapolis akize doktè Peterson Larrieux pou menm kòz la. Li ta menm fè kwè doktè a vyole yon tifi 15 lane andedan yon chanm nan Lopital Kominotè Dam Mari a.

Malgre plizyè plent yo depoze kont li, doktè a ap sikile libe libè nan vil la, daprè yon òganizasyon dwa moun.

Li enpòtan pou n raple, ka vyòl nan je lajistis genyen gwo pèn ak enpòtans, sitou lè li fèt sou yon timoun piti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.