Ajan fòs lòd yo nan Pòsali arete Junior Bastien, yon manm aktif gwoup gang Vilaj De Dye a. Arestasyon sila fèt ayè vandredi 9 jen 2023 a pandan yon operasyon Pakè Okay la te mennen.
Daprè enfòmasyon ki disponib yo, mesye Junior Bastien se yon prezime manm aktif gwoup gang « 5 Segond ». Yo arete l nan yon lokalite ki rele « Bwa Ba », daprè komisè gouvènman jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond, ki konfime nouvèl sa.
Rapò kont Junior Bastien yo akize l kòmkwa li ta patisipe aktivman nan plizyè zak kidnapin, vòl ak zam nan men, asasina, epi manm asosyasyon kriminèl « 5 Segond » lan.
Facebook Comments