Ki jwè ki prale oubyen rete nan netwayaj Real Madrid la ?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ki jwè ki prale oubyen rete nan netwayaj real madrid la

Aprè yon sezon mi fig mi rezen Real Madrid fin fè pou ane 2022-23 a, yo deside lanse yon operasyon debarase kote anpil jwè ki te nan fen kontra yo gentan kite bato a. Men netwayaj la pa p kanpe sou Hazard ak Mariano. Jwè tankou Ferland Mendy, Aurélien Tchouameni ak Dani Ceballos kapab kite madrilèn yo pou mèkato ete a.

Real Madrid ki pa sispann chache yon atakan pwent pou sezon k ap vini an, kapab mete yon bout nan kontra kèk jwè ekip la yo pa p konte sou yo pou sezon k ap vini an. Se rezon sa, gen yon lis jwè ki kapab ale epi kèk lòt ki kapab rete menm si Real Madrid ta jwenn yon pwopozisyon pou yo, paske klèb la pa konte vann kèk jwè li genyen malgre l vle achte lòt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lis jwè ki kapab kite madrilèn yo pou mèkato a.

Ferland Mendy

Depi aprè final Lig dè Chanpyon 2022 a, jwè fransè a nan yon enpas difisil kote l pa sispann blese. Depi aprè move match li fas ekip Villarreal la, dirijan madrilèn yo ap chache yon lòt lateral goch epi pouse deyò Ferland Mendy.

Dani Ceballos

Mwa janvye ak fevriye a te desizif anpil pou espanyòl la ki te montre kèk bon pèfòmans malgre l pa titilè nan ekip la. Modric ak Kroos bare li menm ki te ka pwouve plis, sa ki rann sitiyasyon l vin pi konplike, sitou aprè Jude Bellingham fin debake nan ekip la, san bliye Tchouameni ki pral batay pou yon plas. Rezon sa yo ka fè Real Madrid debarase l de jwè a pou mèkato a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nacho

Jwè a ki depase trantèn, men tout fanatik yo rekonèt se te yon bon sèvitè Nacho te ye ak kapasite l te genyen pou l te jwe nan plizyè pòs. Men sezon sa ki pral antre la Carlo Ancelloti montre li pa gen lide kontinye ak espanyòl la. Real Madrid prè pou l negosye ak nenpòt klèb ki ta mande pou jwè a pandan mèkato a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lis jwè Real Madrid konte kenbe pou sezon k ap vini an.

Lucas Vasquez

Youn nan eleman teknisyen italyen an byen renmen itilize. Vasquez parèt konfòtab nan ekip la. Li pa deranje anyen nan fason Merengue yo jwe, okontrè li pote yon plis nan jwèt yo. Jwè 31 lane a ap rete nan klèb la sezon k ap vini, li pa pou vann.

Fede Valverde

Real Madrid ki rekipere Diaz epi achte jude Bellingham, fè gen plis konkirans nan mitan tèren an, sa ki ta fè anpil analis panse Valverde ka kite klèb la. Sepandan, Irigweyen an se youn nan jwè Ancelloti renmen itilize anpil pou vitès li ak frap li an, menm lè anpil klèb ap fè l je dou. Real Madrid pa gen entansyon kite l ale.

Aurélien Tchouameni

Rive fransè a nan klèb Madrid la ta pral fè anpil sipòtè bliye Casemiro nan mitan tèren an, men depi aprè kèk blese, jwè an gen gwo difikilte pou l rejwenn fòm li. Dirijan klèb la poko vle debarase yo ak fransè a, y ap ba li yon ti chans toujou pou reprann li paske l gen anpil potansyèl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive