Lapolis nan Gonayiv sove yon prezime bandi anba men popilasyon an

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis nan gonayiv sove yon prezime bandi anba men popilasyon an

Fedelin Bordenave, se non yon jèn gason 33 lane lapolis arete jedi 8 jen pase a nan vil Gonayiv. Popilasyon an ki aprann arestasyon prezime bandi sa te vle touye l. Lapolis te aji vit pou evite dram sa.

Ajan polisye Gonayiv yo te jwenn nan men jennonm lan yon zam ilegal pandan arestasyon sila a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè arestasyon li, plizyè manm popilasyon an te tante pran l nan selil yo te fouke l la pou bat li epi touye l. Chans pou li, lapolis te byen pran swen l, epi li te jwenn lavi gras ak pwofesyonalis polisye Gonayiv yo.

Misye Fedelin Bordenave chape poul li anba Mouvman “Bwa kale” popilasyon an te lanse nan degwann bandi yo 24 avril pase a anba mòn Kanapevè a.

Pou kounya, Fedelin Bordenave nan gadavi ap tann dènye desizyon legal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.