Barack ak Michelle Obama devwale pòtrè ofisyèl yo nan mezon blanch 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
barack ak michelle obama devwale pòtrè ofisyèl yo nan mezon blanch 

Ansyen prezidan ameriken an Barack Obama ak ansyen premye dam Michelle Obama devwale jounen mekrèdi 7 septanm lan pòtrè ofisyèl yo nan mezon blanch lan, yon tradisyon politik nan peyi Etazini. 

Sou envitasyon koup prezidansyèl Joe ak Jill Biden, nan yon seremoni ki òganize jounen 7 septanm lan nan mezon blanch lan, ansyen chèf Leta ak premye dam ameriken an devwale pòtrè ofisyèl yo ki pral gen pou poze sou mi palè prezidansyèl ameriken an, menm jan ak lòt chèf Leta ki te pase avan yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

De pòtrè ki reyalize apati de foto ansyen prezidan ak premye dam la. Nan pòtrè Barack Obama a ki se reyalizasyon Robert McCurdy, ansyen prezidan an kanpe avèk men nan pòch epi ak yon souri sou lèv li nan yon kostim fonse. Pou pa ansyen premye dam lan, Sharon Sprung reyalize, Michelle Obama nan yon wòb sware ble klè poze sou yon sofa. 

Michelle Obama, nan diskou li pou sikonstans sa, ensiste sou senbòl pòtrè sa yo reprezante kòm premye prezidan nwa ak premye Premye dam afwo-amerikèn ki rive nan tèt peyi Etazini depi endepandans li. 

Yon aktivite ki pa t rive reyalize sou administrasyon Trump lan akoz prezidan epòk la, Donald Trump, ki pa t mache nan lojik pwotokòl sa yo, pa t janm vle resevwa Obama yo pou devwale pòtrè yo nan mezon blanch lan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.