Latibonit : Polisye yo abandone komisarya lestè a pou ensekirite

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
latibonit polisye yo abandone komisarya lestè a pou ensekirite

Plizyè Polisye abandone komisarya Komin lestè a ki twouve l nan depatman latibonit, koz nèg ak zam ki fè pati gang kokorat san ras yo te atake komisarya a epi yo t ap fè presyon sou popilasyon an ak kout bal yo t ap tire san rete, ayè mèkredi 22 fevriye a.

Komin lestè ki twouve l nan depatman latibonit, te leve ak yon vizaj byen sonm ayè mèkredi 22 fevriye a. Bandi ak zam yo kontinye fè sa yo vle sou teritwa nasyonal la. Daprè enfòmasyon yo, ajan PNH yo te oblije kite enstisyon an pou yo pran direksyon lakay yo, koz yo te parèt enpwisan pa rapò ak nèg san fwa ni lwa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan atak la, polisye yo te mande ranfò ak konfrè yo ki nan komisarya Senmak la, toujou nan komin latibonit, men yo pat jwenn okenn sekou bò kote otorite polisyè yo. Yo te oblije deplase kite espas la ak tout materyèl travay yo.

Yon lòt bò, popilasyon nan komin sila te anba anpil presyon, plizyè nan yo te oblije kite zòn nan san pèdi tan. Koz nèg san mizerikòd sa yo t ap tire kout bal nan tout direksyon san vire gade dèyè, nan lide pou yo te pran kontwòl tout zòn nan.

Pandan kòmansman ane 2023 a, atak kont polisye yo repete souvan. Nèg ak zam yo donnen tankou djondjon sou preske tout teritwa nasyonal la, yo fè sa yo pito. Poutan otorite yo pa janm di ni monte ni desann. Ensekirite a kontinye ap vale tèren nan 4 kwen peyi a, pèsòn moun pa epaye, menm polisye yo ki gen pou misyon pwoteje ak sèvi popilasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.