Lautaro Martinez se nouvo sib Real Madrid aprè Harry Kane

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
lautaro martinez se nouvo sib real madrid aprè harry kane

Real Madrid ki konnen depa Karim Benzema epi ki separe l ak Hazard epi Mariano, pa gen okenn atakan devan pou sezon 2023-24 la, sa ki fè yo nan yon mache prese. Aprè Harry Kane ki se priyorite nimewo 1 madrilèn yo, The Times ak The Athletic fè konnen Ajanten an, Lautaro Martinez, se yon lòt opsyon si bitè anglè a pa debake nan klèb la pou mèkato a.

Lautaro Martinez k ap evolye nan Inter Milan, se yon lòt non pou vin ranfòse efektif Carlo Ancelotti a sezon k ap vini. Toutfwa, si Real Madrid pa ta rive siyen bitè Tottenham lan, yon dosye ki parèt konplike pou Merengue yo kote prezidan Spurs yo, Daniel Levy, pa anvi kite jwè a ale konsa, menm lè l ta vle paske kontra l ap bout jen 2024.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Poutan, koze ki fè plis pale nan klèb Madrid la dènyè tan sa yo se ki jwè k ap vin evolye nan pwent atak Real Madrid la sezon k ap vini aprè Karim Benzema fin mete l dakò pou rejwenn Al-Ittihad. Dosye atakan sa, se youn nan pi gwo priyorite prezidan Real Madrid la, Florentino Perez genyen pou mèkato a.

Champyon mondyal 2022 a ak seleskyon Ajantin lan se plan B ekip Real Madrid la. Jwè 25 lane a fè 28 gòl ak 10 pas desizif epi rive nan final Lig dè Chanpyon ak Nerazzurri yo pou sezon sa.

Revolisyon klèb Madrid la tanmen. Florentino Perez ap frape fò pou mèkato ete a. Ant Lautaro Martinez ak Kane, kiyès nan 2 jwè sa yo kiyes k ap pote mayo Casablanca a sezon k ap vini?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive