LeBron James, youn nan pi gran modèl nan istwa NBA a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
lebron james, youn nan pi gran modèl nan istwa nba a

Ak 38 lane, LeBron James ap jwe final konferans Lwès la fas ak Denver. King lan gen 20 lane depi l kòmanse jwe nan NBA a, kote l te jwe premye match li 29 oktòb 2003. Jwe nan NBA a se youn, men rete nan wo nivo baskèt la pandan 20 lane se pa yon kado. Yon jwè ki bezwen yon modèl, pou l kapab jwe nan NBA a, paka pa panse ak « King » lan. Kisa ki koz jwè a rete nan wo nivo a pou tout tan sa?

Lebron James nan istwa NBA a se 20 lane talan ak konsistans. Ak 38 lane, jwè a rive kenbe fòm fizik li epi kontinye afiche pefòmans majik li yo. Pou anpil jwè, Lebron James rete anfòm pandan 20 lane nan NBA a, se paske l pran swen kò li epi depanse anpil milyon dola pou sa, sa ki lakoz li pa blese souvan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anpil jwè montre klè Lebron James se yon modèl pou yo epi yo bay agiman ki pouse yo pran « King » lan pou sa.
Men sa Scoot Henderson fè konnen: « Mwen vle pran swen kòm, m panse se bagay ki pi enpòtan LeBron rive fè. Nou tout konnen LeBron se yon jwè dominan, li puisan anpil. M retrouve m nan li, m espere rive nan dimansyon l ». Pi lwen, Brandon Miller delkare : « Kò a se yon bagay ki pi enpòtan nan NBA a, li kapital. Li jwe yon wòl esansyèl pou yon jwè bati yon karyè. M espere rete nan Lig la pendan 20 lane. Pou Drew Timme li menm :  » jwe pandan 20 lane nan NBA a, se yon bagay fou. Pa gen anpil jwè ki ka fè l, m kwè li fè anpil travay sou sa l ap manje ak kondisyon fizik li. »

Si l ap difisil pou anpil jwè ta swiv lejand NBA a pa rapò ak karyè li epi reyalizasyon l, men anpil kapab pran l kòm yon modèl pou fè chemen yo epi reyalize rèv yo. Pa gen pi bon egzanp nan istwa NBA a pase MVP final 2020 an pou dènyè deseni sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive