Francillon Francy anpil moun konen sou non Black Boy Haiti resevwa jodi Dimanch 19 mas la yon chèk yon milyon goud nan men legliz « Rendez-vous Christ  » ak  pastè Julio Volcy . Yon Kado legliz la fè li poutet mizik li a ki rele  » Echèk Se Ti Frè Rekòmanse » kap fè bon mesaj pase . Atis la resevwa kado nan okazyon 7èm anivèsè legliz la. 
Depi nan mwa fevriye yon videyo kote pastè  Julio Volcy ki tap anime yon aktivite te anvayi rezo sosyal yo . Nan videyo sa Pastè a te deklare lanmou li pou youn nan mizik Atis Black Boy Haiti ki rele « Echèk Se Ti Frè Rekòmanse » ki poutan pa yon mizik kretyen  epi te chante mizik sa ak piblik ki te prezan.
Mizik sa ki gen pou piti  8 lane depil sòti ankouraje pèseverans nan lavi a. Nan yon kout videyo atis Black  Boy pataje kote li tap resevwa chèk la, li fè konen pastè a te kontaktel pou fèl  kado sa men limenm li te pito resevw  chèk  devan legliz la pou tout moun te ka wè aksyon sila .
Yon kado ki vini 8 lane apre soti mizik la epi rezime pafètman ide mizik la ki se pèseverans .