Yon bèl operasyon pou FC Barcelone ki genyen Clasico an

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon bèl operasyon pou fc barcelone ki genyen clasico an

Gras ak yon gòl Franck Kessié ta pral make nan fen match nèt, 92èm minit, FC Barcelone ranpòte katriyèm Clasico sezon an ki t ap jwe nan Spotify Camp Nou an (2-1). Yon rezilta ki fè afè Katalan yo pou rès konpetisyon an.

Malgre ouvèti eskò an byen bonè nan match la sou yon gòl kont kan defansè irigweyen Blaugrana yo, Ronald Araujo, nan 9èm minit, FC Barcelone finalman sòti ak 3 pwen viktwa a gras ak Sergi Roberto nan fen premye mitan an epi Franck Kessié.

Ivwaryen an ki ta pral rantre nan 15 dènye minit match la pou ranplase Sergi Roberto, ofri Blaugrana yo bèl viktwa sa ki pèmèt yo pran pou kounya 12 pwen anplis “Merengue” yo ki te gen obligasyon fè yon bon rezilta nan kad batay pou tit Liga a.

Aprè 26 jounen chanpyona, FC Barcelone ranfòse tèt li nan klasman Liga a avèk 68 pwen, lwen devan madrilèn yo ki pèdi tout twa dènye Clasico yo. Yon batay ki vin pi konplike pou “Merengue” yo ki gen yon reta 12 pwen dèyè Katalan yo.

Real Madrid pèdi twa pwen sa jodi dimanch lan sou yon aksyon nan fen match kote lateral goch FC Barcelone lan, Balde, sèvi Franck Kessié ki t ap parèt nan pwent pennalite a, nan yon kan prèske vid, ki te sèlman genyen pou byen chwazi kote l ap voye balon an.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.