Categories: AN KREYÒL ÉDUCATION

“Lekòl la ap louvri lendi k ap swiv demisyon premye minis Ariel Henry”, se deklarasyon Josué Merilien

Share

Atravè yon emisyon ki te emèt nan yon radyo nan kapital la lendi 3 oktòb pase a, Pwofesè Josué Mérilien fè konnen kòmansman ane lekòl la pral fèt sèlman apre demisyon chèf gouvènman an Ariel Henry. Sendikalis la envite yon lòt bò, tout aktè k ap travay nan domèn edikasyon an nan peyi a, pou yo patisipe aktivman nan mouvman mobilizasyon yo ki òganize kont gouvènman an plas la. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

An palan de reouvèti klas yo ki te dwe fèt depi lendi 3 oktòb 2022 sa a, nan yon radyo nan Pòtoprens lan, Pwofesè Josué Mérilien dekri lekòl la jodi a an Ayiti kòm yon “bagay ilegal” yon moman selon sa li di, ki enplike nan wete valè listwa peyi a genyen ak kilti ki inik pou Ayisyen yo. Li kwè tou, tout paran, elèv, pwofesè ak direktè lekòl yo dwe patisipe nan mouvman pwotestasyon kont pouvwa a ki an plas la, pou kondisyon yo ka ranpli kòmsadwa pou kòmansman ane lekòl la. 

“Pou ane akademik lan lanse, Ariel Henry dwe demisyone” daprè deklarasyon Kòdonatè Inyon Nasyonal Nòmalyen yo an Ayiti (UNNOH) ki presize tou, kòmansman ane eskolè a pral fèt lendi kap swiv demiyon Ariel la. Li te afime tou, ” an reyalite lekòl la pa dwe yon byen piblik an Ayiti paske, se sèlman omwen 10% lekòl ki piblik nan peyi a”. 

Toujou daprè opinyon nòmalyen an, toutotan gouvènman an plas la rete sou pouvwa a, pri gaz la ap toujou rete tèt nèg nan tout ponp yo, ap toujou gen moman difisil sa yo, ap toujou gen mizè nan katye popilè yo. Josué Mérilien te tou pwofite anonse mouvman ki rele “mwa Desalin” nan, ki lanse depi  lendi 3 oktòb la, kap bout 31 oktòb kap vini la a. “Nou pral analize taktik konba Desalin yo, pwojè li yo pou nasyon ayisyen an. Se yon fason pou onore Desalin ki apenn sot dezonore” eksplike pwofesè a. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Ariel Henry Josué Merilien