Li entèdi pou yon lekòl vann chosèt, mayo, liv epi touche an dola meriken san otorizasyon leta 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
li entèdi pou yon lekòl vann chosèt, mayo, liv epi touche an dola meriken san otorizasyon leta 

Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) sòti yon Sikilè ki pote siyati minis lan Nesmy Manigat ayè jedi 8 septanm lan sou aktivite komès andedan lekòl piblik kou prive nan peyi a, Selon sa ki ekri yo, pyès lekòl pa gen dwa vann tankou; « Chosèt , Mayo , Liv, elatriye. San otorizasyon leta, se pou sa si yon moun vle vann fòk li gen yon akreditasyon Ministè komès ak Endistri, epi okenn lekòl pa dwe mande paran peye ak lajan etranje. 

” Lè n konsidere misyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ki la pou asire bon fonksyonman lekòl piblik ak prive nan Repiblik la, epi apre plizyè plent ki gen rapò ak aktivite komès k ap fèt nan lekòl yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè piblik la konnen, sitou kominote edikativ la, li entèdi pou fè yon aktivite ki gen rapò ak kòmès nan yon lekòl, kit li piblik, kit li prive, san otorizasyon otorite ki la pou sa. Akreditasyon Ministè a bay lekòl yo, pa gen rapò ak komès, se pou aprantisaj ak lòt aktivite ki makònen ak sa. ” Nou tap site premye entèvansyon ki ekri nan sikilè a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kidonk, nenpòt lekòl ki vle fè kòmès, li dwe jwenn otorizasyon Ministè Komès ak Endistri epi Direksyon Jeneral Enpo, mete sou kèk  papye legal tankou Patant ak Kat Idantite Pwofesyonèl. Dokiman sa yo dwe afiche aklè nan etablisman ki konsène yo. Toujou selon mansyon ministè a. 

” Anplis, responsab lekòl yo pa dwe mande paran yo achte materyèl pou lekòl, oswa lòt, sèlman nan lekòl pa yo, ni pou yo mande paran yo peye an dola ameriken oubyen lòt lajan etranje.” Se sa a nou te kapab li nan nòt ki pibliye a. 

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, rekonfime atachman l pou Patenarya Piblik Prive a, epi konte sou konpreyansyon tout moun pou respekte desizyon sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.