Yon lekòl nan peyi Etazini fè kou pou timoun yo an kreyòl  

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon lekòl etazini fè kou pou timoun yo an kreyòl  

Daprè jounal lokal Ameriken West Palm Beach TV (WPTV), Rolling Green Elementary School, yon lekòl ki sitiye nan Boyton Beach-Florida, Etazini, deside anseye timoun yo an kreyòl ayisyen. Timoun sa yo patisipe nan yon pwogram nan 2 lang enstitisyon an mete sou pye. 

Inisyativ sa a pran nan objektif pou l rive jwenn kominote ayisyen an, paske dapre chif jounal la prezante, gen 10,000 timoun ayisyen nan rejyon Palm Beach. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jounal la fè konnen lè’w antre nan resepsyon Rolling Green Elementary School, gen siy Ayiti toupatou.  Avèk plis pase 60% nan popilasyon ayisyen an nan lekòl la, epi li fè konnen tout Green Elementary School se sèl lekòl nan Eta Floride ki sèvi ak lanj sila ki se kreyòl Ayisyen an. 

“Soti nan kreyòl rive nan lang anglè, timoun Rolling Green kindergartners se sèl elèv nan Floride ki aprann leson yo nan tou de lang Kèk nan yo tande kreyòl, men yo pa pale li,” te di Patricia Michele yon pwofesè nan lekòl la. 

Nan sal klas Michele la, se kreyòl sèlman.  Leson yo, afich yo sou miray yo, toujou Daprè menm jounal sa. 

“Yo pa janm ale ann Ayiti.  Lè mwen anseye sa, mwen ka anseye yo sou kilti a ak kisa kilti ayisyen an ye,” tè fè konnen pwofesè Michele.  

“Nouvo pwogram bileng sa a se yon fason pou  nou soutni kominote ayisyen solid ki nan rejyon an, epi pou bay  bay elèv yo opòtinite pou yo aprann nan lang yo tande lakay yo”, te di youn nan responsab yo. 

“Kominote a te vle yon bagay tankou sa a, kidonk pou nou kapab montre yo nou trè fyè de yo,” te di manadjè Allyson Manning. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.