Sekretarya Claude Joseph denonse desizyon prezidan Luis Abinader pran pou anpeche ansyen Premye minis lan rantre an Repiblik dominikèn 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : Wikipedia

Aprè prezidan Luis Abinader pran desizyon pou bay Claude Joseph pinga sou teritwa li a, Sekretarya ansyen Premye minis la sòti nan silans li atravè yon nòt pou denonse sa epi pa apwouve dekrè prezidan dominiken an. 

Nan yon kominike ki imatrikile 006, sekretarya Claude Joseph la fè konnen desizyon sila se yon desizyon kont ayisyen yo nan premye nivo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Tout en dénonçant et désapprouvant cette décision s’inscrivant dans le cadre d’un anti-haïtianisme primaire porté par Monsieur Luis Abinader, le Bureau s’insurge particulièrement contre l’amalgame politicien, insensé et inadmissible nourri par le Président dominicain à l’encontre de l’Ex ministre des Affaires Étrangères de la République d’Haïti », nou kapab li nan kominike Sekretarya ansyen Premye minis lan. 

Li pa wè nan mezi sila yon sanksyon men pito yon prèv ki montre ansyen Chanselye ayisyen an ap mennen yon batay istorik nan favè respè souverènte peyi d Ayiti ak diyite imèn konpatriyòt ayisyen yo an Repiblik dominikèn. 

N ap raple pou prezidan Luis Abinader genyen 13 Ayisyen ki reprezante yon gwo menas pou Repiblik dominikèn. Nan tèt lis la se Claude Joseph aprè li menm tout rès yo se chèf gang. Se Jimmy Cherizier alyas Barbecue ; Innocent Vitelhomme alyas Vitelom ; Destina Renel alyas Ti Lapli ; Wilson Joseph alyas Lanmò San Jou. 

Genyen tou Claudy Celestin alyas Chen Mechan ; Alexander Ezekiel alyas Ze ; Kempes Health, Baz BelAir ; Chery Christ-Roi, alyas Chrisla ; Felix Monel alyas Goals – Baz Waf Jeremi ; Jean Pierre Gabriel alyas Ti Gabriel – Gpèp ; Alexis Serge Renel alyas Ti Junior et Orlichen Emile alyas Pe Lebren- Baz Delmas. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.