Liberasyon 4 fidèl Première Église Baptiste Pòtoprens yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
liberasyon 4 fidèl première Église baptiste pòtoprens yo

Aprè anviwon de semèn nan men kidnapè, 4 fidèl Première Église Baptiste Pòtoprens yo jwenn liberasyon yo nan lannwit madi 28 fevriye an, daprè sous ki pwòch legliz lan.

Flambert Louis Jean, Bucharard Jeantilus, Béatrice Pierre ak Gertha Célestin, 4 fidèl sa yo rive libere madi ki sot pase an aprè pwòch yo ta bay gwo lajan ak ravisè yo ki te kenbe yo an otaj depi de semèn.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toutfwa, okenn enfòmasyon pa kominike sou kantite lajan ki bay kòm echanj ak libète fidèl sa yo bandi ta pral kidnape 12 fevriye pase a, nan zòn ri La reyinyon, bò legliz la, ki twouve l nan perimèt Palè nasyonal.

Ka kidnapin yo ki te fè yon bese nan fen ane ki sot pase an, rekòmanse pou pi bèl pandan kòmansman ane 2023 a kote plis pase yon dizèn fanm ak gason viktim zak sa yo bandi san fwa ni lwa yo pa sispann poze pou teworize popilasyon an.

Rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan ki sou kontwòl gwoup ame depi plizyè ane deja, kontinye ap viv yon sitiyasyon lanfè kote moun k ap tonbe anba bal toupatou, kidnapin tout jounen yo k ap ogmante kote nivo ensekirite an jounen jodia depase fòs lòd yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.