Kidnape 13 septanm 2022, Jérôme Zamor ki se administratè Ministè Afè Etranjè a (MAE), jwenn liberasyon li nan lannwit dimanch 16 pou louvri maten lendi 17 oktòb 2022 a. Pou kouwèl ye la a estaf editoryal nou an poko konnen kantite ranson ki vèse pou liberasyon sila a, toutfwa enfòmasyon yo revele genyen gwo ranson ki bay.
Malgre sitiyasyon ekonomik peyi a ki nan yon twou fè nwè depi yon bon bout tan, anons arive sòlda etranje yo sou teritwa nasyonal la ak aparisyon ekipman ak materyèl lagè ki vize ranfòse Polis Nasyonal Dayiti a, pa brennen bandi san fwa ni lwa yo. Bandi ak zam yo pa sispann kreye panik sitou zak kidnapin yo ki pa sispann kontinye. plizyè moun kidnape, anpil nan yo nan men kidnapè, kèk moun jwenn liberasyon yo aprè gwo ranson ki te bay
Nan dènye kategori sa a nou jwenn administratè Ministè Afè Etranjè a (MAE), Jérôme Zamor. Yo te kidnape l depi 13 septanm pase a, enfòmasyon yo fè konnen li jwenn liberasyon li kont ranson nan lannwit dimanch 16 pou louvri maten lendi 17 oktòb 2022 a.
Facebook Comments