Lionel Messi ap kite Paris Saint-Germain aprè fen sezon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lionel messi ap kite paris saint germain aprè fen sezon an

Dirijan Paris Saint-Germain yo ki pran sanksyon kont “Pulga” a pou de semèn k ap vini yo akoz vwayaj nan peyi Arabi Sawoudit la, ta deja pran desizyon pou kanpe tout negosyasyon sou pwolongasyon kontra Messi an.

Daprè laprès nan peyi Lafrans, dirijan PSG yo ki pa apresye vwayaj pwofesyonèl atakan ajanten an nan peyi Arabi Sawoudit la deside frape fò avèk sanksyon yo pran kont nimewo 30 yo an ki pa p gen pou patisipe nan okenn aktivite klèb la pandan de semèn k ap vini yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lionel Messi, Laprès nan tout mond lan pa sispann anonse l ap retounen nan ansyen klèb li, FC Barcelone, aprè fen sezon an, twouve l nan gwo difikilte nan peyi Lafrans kote negosyasyon sou pwolongasyon ak PSG yo ta tonbe nan dlo.

Atakan chanpyon dimond ajanten an k ap pase yon move moman nan peyi Lafrans depi aprè mondyal la, pral kapab kite klèb parizyen an aprè de sezon ap jwe nan Ligue 1 an depi rive l nan peyi Lafrans nan lane 2021.

Fanatik FC Barcelone yo k ap tann ak de bra louvri retou “Pulga” a nan peyi Lespay sezon k ap vini an kapab kontinye kwè nan rèv sa avèk sitiyasyon ajanten an nan PSG mete sou desizyon klèb la pran pou kanpe negosyasyon pwolongasyon yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.