Daniil Medvedev kalifye pou dezyèm tou Open Australie a 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
daniil medvedev kalifye pou dezyèm tou open australie a 

Pou antre Daniil Medvedev nan Open Australie a fas Morcos Giron, nimewo 7 mondyal la maltrete advèsè li a nan 3 sets (6-0, 6-1, 6-2)1è30 yo jwe. Yon premye tou byen fasil pou Ris la, ki pral gen pou l toke kòn li ak John Millman nan dezyèm tou a. 

Jwè ki te pèdi 2 final Open Australie a genyen premye match li jodi lendi a fas Marcos Giron, san pèdi tan nan 3 sets (6-0, 6-1, 6-2). Yon match ki pat parèt difisil pou Ris la, ki te metrize advèsè li san pwoblem.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan vil Melbourne, Daniil Medvedev montre fòm li pou premye rankont li nan tounwa Open Australie a fas ameriken an. Giron, ki te montre li te gen gwo presyon pou l te fè fas kare ak Ris la.  

Medvedev te bon anpil nan jwèt li, li rive reyisi 70 % nan bal li yo. Nan 1è sèlman li te gentan fè 2 manch. Pou dezyèm tou a lap gen poul jwe fas John Millman. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia