Lopital Jeneral: doktè yo ap travay nan yon espas ki chaje ak rat ak sourit

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
lopital jeneral doktè yo ap travay nan yon espas ki chaje ak rat ak sourit
Doktè rezidan yo nan Lopital Inivèsite Leta Dayiti, nan fen lane ki sot pase a, te fè yon grèv pou mande oksijèn ak kouran nan sant sante a, pandan yo te kontinye ap mande ogmantasyon salè yo akoz depresyasyon lajan nasyonal la kont dola meriken an. Ayè lendi a yo te pran lari a pou yo kontinye revandikasyon yo.
Daprè sa anpil nan yo fè konnen, Lopital la nan yon sitiyasyon ki trè konplike ki trè almant, Doktè yo  ap travay nan yon espas ki chaje ak rat ak sourit ladan l. Se sak fè,  Doktè Rezidan yo nan Lopital Inivèsite Leta Dayiti a di, si nan yon Lopital nòmalman ou dwe trete maladi, ebyen nan Lopital Jeneral ou kouri risk pou trape maladi pito.
Yon lòt bò, yo kritike sitiyasyon kote Sant Sante a pa gen materyèl oswa ekipman adekwat, pa menm pou ijans, epi yo denonse mepri otorite sante yo ki pa fe okenn aksyon nan lide pou yo ta chanje sitiyasyon kritik sa a nan lopital la.
N ap raple, pandan ane 2022 a, Lopital Jeneral te sibi anpil mouvman pwotestasyon kote rezidan yo t ap mande ogmantasyon salè ak pi bon kondisyon travay epi jiska jounen jodi a yo ap mande menm bagay yo. Rezidan yo denonse kounye a kantite tchyotchyo yo resevwa a ki pa plis pase 400 goud pa jou ki apepre, 2.8 dola ameriken, epi yo denonse tou neglijans ki pote anvè paske yo pa gen aksè ak pwoteksyon sosyal.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.