Rektora Inivèsite Leta a kondane anlèvman Doktè Wilfrid AZARRE a

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
rektora inivèsite leta a kondane anlèvman doktè wilfrid azarre a
Nan yon nòt piblik, Rektora Inivèsite Leta Ayiti an denonse epi kondane zak kidnapin ki fèt sou Rektè Inivèsite piblik Ba-Latibonit Senmak la, Dr Wilfrid Azarre, lendi 6 fevriye an nan zòn Kanaran.
Daprè Rektora Inivèsite Leta a, Dr Wilfrid Azarre ki nan men kidnapè depi lendi, te gen avèk li nan moman anlèvman an pitit fi li epi yon anplwaye administrasyon Inivèsite piblik Ba-Latibonit Senmak la (UPBAS).
Nan nòt sa, Rektora Inivèsite Leta a eksprime fristrasyon l aprè zak sa ki se youn anplis ki fèt kont manm komite inivèsitè a pandan l pwofite pou mande liberasyon Doktè Wilfrid Azarre ansanm ak moun ki te avèk li yo prese prese epi san kondisyon.
« Rektora a pote solidarite l ak fanmi epi pwòch viktim yo, ak tout kominote Rezo inivèsite piblik rejyonal yo (RUPR) prensipalman Inivèsite piblik Ba-Latibonit Senmak la (UPBAS) », yon pati nan sa ki di nan nòt sa.
Rektora Inivèsite a, fas ak sitiyasyon ki pa gen non sa, lanse yon apèl ak tout otorite yo epi fòs nasyon an pou yo rann yo kont sou ijans ki genyen pou yo aji epi kanpe degringolad san kanpe sa tout sosyete a ap konnen depi kèk tan.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.