Lopital La Place demanti tout enfòmasyon k ap sikile sou lanmò Kenia Civil la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lopital la place demanti tout enfòmasyon k ap sikile sou lanmò kenia civil la

Nan yon nòt yo rann piblik 28 me a, lopital La Place ki nan Okay demanti tout enfòmasyon ki rann yo responsab lanmò jèn pasyan Kenia Civil madi ki te 23 me 2023 a. Daprè nòt sa ki pibliye a, kesyon paran demwazèl la te manke lajan epi lopital la pa t deside ba l swen an, sa ki ta lakòz lanmò an, se yon manti.

Se lopital La Place sa ki te responsab swen Kenia Civil, jèn etidyan 4èm ane syans enfimyè, nan dat 23 me pase a aprè lopital Citymed te fin transfere l paske yo pa t reponn ak egzijans ka a. Malerezman pasyan an pa t rive siviv. Li te mouri nan lopital La Place la. Yon sitiyasyon ki te plonje gwo akizasyon sou lopital la ki ta responsab lanmò jèn etidyan an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lopital la bò kote pa l, demanti tout akizasyon sa yo. Paran demwazèl la ta eksplike nan laprès, epi fè konnen se ta repitasyon lopital la k ap bay sèvis depi anviwon 6 lane yo vle pase anba pye, daprè sa yo ekri nan nòt la.

Paran demwazèl la te fè konnen nan mikwo laprès, paske yo te manke 4 000 goud, lopital la pa t deside bay demwazèl la swen. Alòske, deklarasyon responsab yo nan lopital la diferan de tout afimasyon fanmi an. Daprè Mèt Delvas ki se avoka lopital La Place, pa t genyen yon kominikasyon ant premye lopital la (Citymed) ak responsab lopital La Place yo anvan transfè malad la. Avoka lopital la ki kontinye pou fè konnen, « Malad la rive nan sant ijans lan nan moman li te sou wout pou l mouri, li pa t rive lopital la nan lè pou medsen yo te gentan ba l swen nesesè yo ».

Komisè Okay la, Ronald Richemond, bò kote pa l ki t ap swiv tole dosye a, pran laprès touswit pou egzije yon ankèt pou atire lajistis sou dosye a. Komisè gouvènman Okay la mande ayè madi 30 me a pou lopital la mete a dispozisyon lajistis ansanm videyo siveyans kamera lopital la yo te anrejistre yo, epi komisè a mande ak responsab yo ki te sou malad la, pou yo mete yo a dispozisyon lajistis pou reponn tout kesyon sou ka sa san wete san mete.

Men sa a ki ekri nan nòt la

Vèsyon fransè

Note d’information au Grand Public

Cayes, le 28/05/2023

- Advertisement -
Ad imageAd image

La Direction médicale du Centre Hospitalier de la Place est sidérée de voir circuler sur les réseaux sociaux des messages tendant à dénaturer les faits concernant le décès prématuré et regrettable d’une patiente dans le but de ternir la réputation de cette institution desservant avec dignité et savoir faire la population du Grand Sud depuis tantôt six (6) ans.

Le Lundi 22 Mai 2023 à 10h 25 PM, sous référence de l’Hôpital Citymed où elle était hospitalisée, la patiente était arrivée dans un état de mort apparente avec des épisodes d’apnée. Ses signes vitaux et saturation en oxygène étaient imprenables. Elle est décédée dix (10) minutes après tentative de réanimation par le staff médical.

La Direction se demande : a) pourquoi une telle patiente avec un si mauvais état général déjà hospitalisée dans une institution privée (Citymed) possédant les mêmes structures opérationnelles que la sienne a dû être référée tardivement par le médecin de garde sans l’aide d’une ambulance ni oxygène et sans établir un contact préalable avec le personnel médical du Centre Hospitalier de la Place aux fins de préparation pour la recevoir selon les principes.

- Advertisement -
Ad imageAd image

b) pourquoi elle est référée sans examens paracliniques.

La Direction porte un démenti formel concernant les allégations selon lesquelles la patiente a été refusée pour les raisons financières.

Le Centre Hospitalier de la Place fidèle à sa vocation de servir le pays notamment la communauté sudiste, continue et continuera à œuvrer sans relâche en prodiguant des soins médicaux de qualité à la satisfaction de tous.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.