Noor Alfallah ki gen 29 lane ansent pou aktè Al Pacino ki te ka gran papa l

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
noor alfallah ki gen 29 lane ansent pou aktè al pacino ki te ka gran papa l

Aktè anblematik Al Pacino ki genyen 82 lane, ak mennaj li Noor Alfallah, ap tann yon bebe. Aktè a ki pa t vle montre gran piblik la ofisyèlman mennaj li depi avril 2022, finalman rive ansent boubout la kote l ap tann pou kounya katriyèm pitit li.

Aprè anviwon yon lane, aktè Al Pacino finalman ansent mennaj li Noor Alfallah ki genyen 29 lane. Plizyè fanatik aktè a ak kèk lòt moun te remake aktè Al Pacino ak Noor Alfallah k ap sòti nan yon dine anmoure anmourèz, ansanm ak pi bon zanmi l, reyalizatè Harold Becker.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktè 82 lane a ak mennaj li Noor Alfallah, ap tann yon ti bebe daprè deklarasyon reprezantan li ki te nan mikwo PEOPLE. TMZ nan yon entèvyou.

N ap raple, Alfallah, te lye ak Pacino depi mwa avril 2022, lè sa koup la te pwovoke rimè romans yo lè yo te pibliye yon foto kote yo t ap dine ansanm.

Yon briefing sou 3 pitit Al Pacino yo

Jounal New York yo te deja pataje non pitit Al Pacino yo. Li genyen Julie Marie, ki genyen 33 lane. Li te fè li ak Jan Tarrant, ansyen mennaj li ki se yon pwofesè Teyat. Li genyen tou 2 marasa 22 lane, Anton ak Olivia. Manman yo se Beverly D’Angelo. Aktè a te rankontre l nan lane 1997 e yo ta pral separe nan lane 2003.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.