Luis Abinader pote plent pou peyi d Ayiti devan OEA 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
luis abinader pote plent pou peyi d ayiti devan oea 

Prezidan dominiken an Luis Abinader pa sispann itilize vwa l pou li pale nan non peyi d Ayiti sou sèn entènasyonal la. Pandan yon diskou devan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), nan Wachinnton, Ozetazini, li fè konnen « genyen yon gè sivil anba anba » ann Ayiti. 

Pou chèf Leta dominiken an, repons ak kriz k ap sakaje peyi d Ayiti aktyèlman an se nan men Ayisyen yo li ye. Yon demann Repiblik dominikèn pa sispann fè devan entènasyonal la chak fwa li jwenn okazyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou dwe pran responsablite nou pou n aji kounya », se deklarasyon misye Abinader devan OEA dènyèman, pandan l t ap entèvni sou sa k ap pase nan peyi d Ayiti aktyèlman. 

Li mande pou OEA ede yo mete sou pye yon mekanis k ap gen kapasite pou ede mete kontwòl sou zam ak bal gwoup gang yo ap resevwa nan peyi a, epi ede fòs sekirite peyi a, ki se lapolis, jwenn bon jan fòmasyon ak ekipman pou konbat òganizasyon kriminèl yo. Lè sa OEA ap kowòdone ak Nasyonzini, elatriye.  

Depi jedi n ap raple, gouvènman li a te anonse l fèmen anbasad dominiken ki nan Pòtoprens lan ak ranfòse sekirite fwontyè li ak Ayiti. Yon mezi Abinader pran pou pwoteje pèsonèl sivil li yo kont sa k ap pase pa bò isit depi kèk jou. Yon desizyon plizyè lòt anbasad tankou Lafrans ak Kanada pran tou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.