Ariel Henry te aksepte yo depòte Ayisyen yo sou fwontyè Sid ameriken an pou li te ka rete sou pouvwa a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ariel henry te aksepte yo depòte ayisyen yo sou fwontyè sid ameriken an pou li te ka rete sou pouvwa a 

Jounal ameriken ki rele « New-York Post » la pibliye yon atik kote li fè konnen pou Ariel Henry te ka rete sou pouvwa a se yon « deal » li te fe ak Joe Biden, prezidan Etazini an, “deal” sa se te aksepte yo depòte  ayisyen yo ki te anba pon Texas la. 

Daniel Foote, ansyen anvwaye espesyal ameriken ann Ayiti a di administrasyon Biden lan te sipòte Doktè Ariel Henry ki te pran pòs premye minis enterimè e prezidan enterimè apre yo te asasinen prezidan an Jovenel Moise paske li te pare pou aksepte depòtasyon imigran ayisyen yo ki te sou fwontyè sid  Ameriken an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chèf gouvènman Ayisyen an Ariel Henry te dwe òganize  eleksyon nan peyi a nan jou sa yo. Men, nan mwa septanm 2021 an, yon gwo gwoup imigran ayisyen te moute kan nan Del Rio, Texas. Gen anpil foto ki te pibliye nan kan an – gen ladan yo ki montre kèk ajan fwontyè sou chwal yo kap eseye anpeche imigran sa yo travèse rivyè a avèk kout frèt-  sitiyasyon sa ki te lakòz yon tèt fè mal politik pou Prezidan Biden. 

Se sak fè diplwonat amerikan an Daniel Foot di administrasyom Biden nan te sispann bay Premye Minis lan presyon pou li fè eleksyon se paske li te dakò aksepte yo depòte Ayisyen yo. Li kontinye  pou li di Premye minis lan pa gen okenn lejitimite, li se yon ti jwèt ak pil gouvènman ameriken an. 

Daniel Foote te pase plizyè ane an Ayiti. Li te demisyone apre imaj efreyan gad fwontyè k ap maltrete refijye ayisyen yo ki  t ap eseye antre sou teritwa Ameriken an atravè fwontyè Texas la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.