« M rale zam mwen », yon revolisyon pou Jean d’Amérique

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
« m rale zam mwen », yon revolisyon pou jean d'amérique
Jean d’Amérique sosyete a plis konnen atravè diferan liv pwezi ak roman li yo, sòti nan dat 6 janvye ki sot pase a « M rale zam mwen » ki se yon mòso mizik kote yon fwa anplis jèn ekriven an atake sistèm politik ak ekonomik ayisyen an.
Akote talan ekriven pyès moun pa ka konsteste Jean D’Amérique genyen an, li gen kapasite egalman pou sèvi ak vwa l pou fè pase menm mesaj sa yo ki abitye travèse nan diferan zèv ekri li yo. Ak « M rale zam mwen », jèn powèt la denonse move pratik politik ak ekonomik ki anpeche pwogrè Ayiti yo.
Mizik sa ki dire 2 minit 15 segonn e ki disponib sou divès platfòm tankou YouTube ak Spotify, jèn ekriven an ki fè Rap tou pa mete dlo nan bouch li pou kritike rejim ki sou pouvwa a ki, daprè sa l fè konprann, responsab ensekirite ki blayi sou prèske tout teritwa nasyonal la jounen jodia.
« Kòman w vle m reve lè bò tèt mwen yon nèf milimèt […] sanble yo vann nanm nou, m ap mande èske n se moun. Ajannda lavi n nan men Lanmò Sanjou », yon pati ki sòti nan mizik sa ki se yon zèv anplis nan pil pwodiksyon angaje Jean D’Amérique yo.
N ap raple, Jean D’Amérique ki fè pati ekriven ki gen plis talan nan jenerasyon sa, te ranpòte nan mwa septanm ki sot pase a Pri literè Jacques Scherer 2022 pou zèv teyat « Opéra poussière » kote ladan l li rann omaj ak youn nan ewo fanm endepandans peyi an, Sanite Bélair.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.