Nycholas Nolan Parraz, yon tibebe 6 mwa mouri nan yon fiziyad Ozetazini 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
nycholas nolan parraz, yon tibebe 6 mwa mouri nan yon fiziyad ozetazini 

6 moun mouri nan yon fiziyad Ozetazini, pami yo yon manman ak tout pitit li ki se yon ti bebe 6 mwa sèlman. Dram sila rive byen bonè ayè lendi 16 janvye 2023, nan Eta Kalifòni, Ozetazini. 

Lapolis te jwenn alèt sou plizyè kout zam ki t ap tire sou yon rezidans nan yon vilaj ki rele Goshen. Pou kounya y ap chèche pou pi piti 2 sispèk swit ak zak sila. 

Fòs lòd yo pandan premye entèvansyon yo sou lye dram nan te rive jwenn 2 viktim san konsyans ki t ap benyen nan san yo, epi te gen yon twazyèm moun ki pran bal jis nan rezidans prive a. 

Konsa tou, yo rive jwenn 3 lòt viktim anndan lakay yo, pami yo yon nonm yo te jwenn k ap soufri, men malerezman pi ta nan jounen an li te rann dènye souf li lopital. 

Cherif konte Tulare a, Mike Bordeaux pandan yon pwen près anonse anketè yo ap chèche pou pi piti 2 moun yo sispèk ta enplike nan fiziyad sila. Lapolis panse krim nan ka lye ak yon gwoup kriminalize ki te sible fanmi an menm. 

“Nycholas Nolan Parraz, yon ti bebe 6 mwa mouri” 

Alissa Parraz ak tout pitit li, Nycholas Nolan Parraz, ki se yon ti bebe ki genyen sèlman 6 mwa, mouri pandan fiziyad sila nan Eta Kalifòni ayè 16 janvye 2023 a. 

Granpè viktim yo rapòte asasen yo tire ak bal ni manman an ak tout pitit la nan tèt. 

« Mwen paka imajine ki jan de demon ki gen kè pou l fè sa », se deklarasyon Samuel Mina, ak dlo nan zye. 

Pina fè konnen pitit fi li ak ti bebe a t ap viv avèk li pito, menm jan ak plizyè lòt manb nan fanmi an ki mouri. N ap raple se pou menm rezon sa lapolis nan Eta Kalifòni deklare otè zak yo genlè se fanmi sa yo te sible menm nan ti kominote riral yo rele Goshen lan, ki akeyi anviwon 3 mil abitan.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.