Yon total 28 majistra nan sistèm jidisyè ayisyen an pa sètifye 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon total 28 majistra nan sistèm jidisyè ayisyen an pa sètifye 

Nan pwosè vèbal ki drese sou pwosesis sètifikasyon majistra yo nan sistèm jidisyè ayisyen an, CSPJ enfòme genyen yon total 28 majistra sou 69 dosye ki te gen pou trete ki pa sètifye pou divès rezon, prensipalman absans entegrite moral. 

Konseye yo ki nan Konsèy siperyè pouvwa jidisyè an ki te reyini nan dat 11 pou rive 13 janvye 2023 a pou bay dizon yo sou 69 dosye Komisyon teknik sètifikasyon an te transmèt yo, drese yon pwosè vèbal ki pibliye jodi 16 janvye an kote non 28 majistra nan sistèm jidisyè ayisyen an pa sètifye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Majistra sa yo CSPJ pa sètifye nan pwosè vèbal sa ki drese epi transfere bay Ministè jistis ak sekirite piblik lan, genyen plizyè ladan yo ki se jij enstriksyon nan divès jiridiksyon anndan peyi an prensipalman nan Tribinal premye enstans Pòtoprens. 

Pami non ki nan lis majistra ki pa sètifye sa yo genyen jij enstriksyon Jean Osner Petit-Papa, Ramoncite Accimé, Gary Orélien, Brédy Fabien, Ikenson Edumé, pou n site sa yo sèlman. Majistra sa yo ki yon bon pati nan yo syeje nan jiridiksyon Pòtoprens lan ta enplike nan koripsyon anndan sistèm jidisyè ayisyen an. 

Yon kopi pwosè vèbal sa ki gen ladan l non 31 majistra sètifye ak 28 ki pa sètifye yo, ale jwenn Minis jistis pou ti bout tan an Emmelie Prophète Milcé pou swit nesesè yo nan dosye sa ki tonbe kòm yon bonm nan sistèm jidisyè ayisyen an ki depi lontan gen gwo akizasyon sou travay majistra yo an patikilye. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.