Maestro Richie pa mete dlo nan bouch li pou kase met nan men Arly Larivière

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
maestro richie pa mete dlo nan bouch li pou kase met nan men arly larivière
Aprè pawòl piman bouk Maestro Arly Larivière te fin lanse semèn ki sot pase a konsènan nouvo eslogan gwoup mizikal Klass la, Jean Herard Richard moun plis konnen sou non Richie pa mete dlo nan bouch li pou reponn chantè vedèt Nu-Look la.
Nan yon videyo k ap sikile sou tout rezo sosyal yo depi ayè vandredi an, Maestro Richie frape fò nan repons li voye bay Arly Larivière an kote l akize Nu-Look kòm yon gwoup privilejye ki gen pouvwa fè tout sa yo vle, kontrèman ak gwoup l ap dirije an ki se Klass.
Maestro Klass la ki fè konnen l pa nan okenn polemik ak Nu-Look, voye yon seri mesaj piman bouk ki adrese ak non sèlman Arly Larivière ki te kritike nouvo slogan yo an, men tou ak divès lòt sektè li pa site non yo. Maestro Richie di gwoup l ap mennen an pa ka swiv Nu-Look.
« Gen bagay Nu-Look fè, si se Klass ki fè yo, djaz la t ap kraze nan demen», yon pati nan deklarasyon Maestro an ki ajoute si nan gwoup li an li ta bat yon mizisyen oubyen li ta al jwe Olympia ak 4 mizisyen sèlman epi kite 10 dèyè, djaz la t ap gentan kraze.
Maestro Arly Larivière te kalifye nouvo eslogan ak dans Klass la kòm jwèt ti bebe nan yon pwogram li t ap jwe semèn ki sot pase a, yon diskou ki deranje ekip Klass la kote Maestro Richie reyaji piblikman ak pawòl piman bouk sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.