Liverpool bwè pwa fas ak Walverhampton

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
liverpool bwè pwa fas ak walverhampton

Ekip Jurgen Klopp la kontinye ap pèdi plim li nan champyona anglè a, jodi samedi an Wolverhampton maltrete Reds yo (3-0), nan Molineux Stadium nan. Defèt sa plwonje ekip Liverpool la nan yon kriz tèt chaje epi mete li nan 10zyèm plas nan klasman chanpyona anglè a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wolverhampton kase mete nan men Liverpool (3-0) nan Molineux Stadium nan.  Sa ki mete Reds yo nan 10zyèm plas klasman an. Sa ki parèt difisil pou antrenè alman an ki wè ekip li fin konstwi a ap bwè dlo san rete, epi anrejistre defèt san kanpe pou sezon sa.

Reds yo tap pral pran premye gòl yo a nan 5kyèm minit ( Matip, ki te bay tèt li gòl) epi nan 12zyèm minit C. Dawson ta pral fè 2zyèm gòl la pou Wolves yo.  Reds pat janm ka fè break la, nan 72yèm minit Rubens Neves ta pral retire tout espwa koyekipye Mohamed Salah yo.

Aprè defèt la, Jurgen Klopp te fè konnen nan mikro BBC, li se reponsab sa kap rive ekip Liverpool la.

« Wi jan nou te kòmanse match la pa t bon ditou, epi se fòt mwen. Nou te sipoze defann byen epi montre nou te plis sou sa. M fache,  m pa kontan ditou pou 15 premye minit yo. M pa menn ka eksplike sa k rive a. »

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa ki pi rèd nan rankont sa, fanatik Liverpool yo ta chante yon chan ki di : » w ap revoke demen ». Men sa pa enkyete antrenè a ki rete kwè li konfòtab nan tèt ekip la. Pou 23zyèm jounen an Liverpool ap tann Everton nan Anfield la, Touffes yo ki sot genyen Arsenal (1-0), pa pral vann po konsa konsa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive