Malgre tou ! Okap anonse kanaval li ap fèt

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
Credit Photo : Ticket Magazine - @amazanphotography
Komisyon Minisipal Okap la atravè yon nòt pou laprès ki pibliye jodi 3 fevriye 2023 a, anonse anbyans kanaval Okap la ap fèt ane sa a anba tèm  » Ann Ede OKAP Kenbe Ayiti Vivan », dat ki ofisyèl la se 17 pou bout 21 fevriye.
Malgre gouvènman an te anonse kanaval nasyonal la pa p posib, Komisyon Kominal yo te jwenn apwobasyon manm yo nan gouvènman an pou òganize jounen defile yo ak anbyans kanaval yo. Kapwa yo ane sa motive pou danse kanaval 2023 a lakay yo kòmanse 17 pou fini 22 fevriye 2023.
Se gras ak yon nòt pou laprès ki date 3 fevriye 2023, redaksyon NetAlKole Média a aprann nouvèl la, pandan yo fè konnen, chwa pou pèsonèl k ap gen pou òganize kanaval la deja fèt.
 » Vrèmanvre, aprè plizyè rankont ant aktè yo ak operatè kiltirèl yo, Komisyon Minisipal la chwazi Misye Marc Donald Bazile kòm Kowòdonatè Jeneral aktivite kanaval la pou ane sa a. » Ekri nan nòt la.
Lis responsab yo ki pral akonpaye kowòdonatè a :
1) Yon reprezantan Meri Okap.
2) Yon reprezantan Ministè Kilti ak Kominikasyon
3) Yon reprezantan Ministè Touris
4) Yon reprezantan laprès
5) 2 reprezantan sosyete sivil la.
Toujou daprè nòt la, Komisyon an mansyone Kanaval Etidyan yo ki se yon orijinalite nan zafè kanaval tradisyonèl an Ayiti, ap prezante ane sa a plizyè koregrafi ak pèfòmans son espesyal pandan pakou yo.
Yo ekri, òganizasyon kanaval minisipal la ane sa a fè pati yon lojik ki vize pou kenbe tradisyon viv ansanm ak lapè nan lavi tout Kapwa yo.
Pou fini, Komisyon minisipal la swete tout moun yon bon kanaval nan lapè epi ankouraje patisipasyon sektè prive a nan fèt popilè sa yo.

Facebook Comments

Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.