T-jo Zenny anvizaje fè yon kraze kite sa nan kesyon monte sou sèn

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
t jo zenny kòmanse prepare aprè l nan endistri mizikal ayisyen an
Chantè vedèt gwoup mizikal Kreyòl La (Joseph Zenny Jr) ki lanse pandan kòmansman ane an lebèl Apache World Music, kòmanse ap planifye depa l kòm chantè sou sèn nan endistri mizikal ayisyen an avèk pwojè sa.
T-jo Zenny ki reyisi konstwi yon gwo karyè mizikal nan HMI la anonse nan yon piblikasyon sou rezo sosyal yo, premye fevriye ki sot pase a, li pa lwen fè yon kraze kite sa nan kesyon kanpe devan djaz sou sèn kote l pral bay plis tan ak nouvo lebèl sa li mete sou pye a.
Nan emisyon Aktyalite HMI ki pataje sou medya sosyal Twitter, animatè kiltirèl Carel Pedre ki t ap bay plis detay sou  pwojè Apache World Music la , li fè konnen se yon kokennchenn inisyativ, yon akademi, kote jèn atis yo pral kapab gen opòtinite montre tout sa yo genyen kòm talan ak potansyèl.
Atis k ap gen pou fè pati lebèl sa ap gen a dispozisyon yo tout sa y ap gen bezwen pou konpoze mizik, pwodui, kontinye aprann, nan yon espas Apache World Music deja mete disponib pou sa menm, daprè animatè Chokarella a.
Chantè Kreyòl La ki t ap prezante nouvo lebèl li an, AWM, eksplike orijin non Apache World Music lan ki, daprè sa l fè konprann, se yon inisyativ ki pran rasin depi lè l te tou piti, presizeman epòk lè l te gen 7 an. Avèk pwojè sa, T-jo Zenny anvizaje envesti plis nan jèn talan olye de pouse tèt li kòm atis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.