AN KREYÒLSPORTS

Manchester City fè match nil ak Leipzig (1-1), Erling Haaland pa fè gòl

Nan kad 8tyèm final ale Champions League la, Manchester City pa rive genyen RB Leipzig nan Red Bull Arena a. Erling Haaland kap krache dife nan Premier League la kote li gen 23 gòl pou 26 match li jwe, pa rive fè gòl pou Citizens yo. Yon match ansyen coach Bayern Munich la pat fè okenn chanjman. Ekip Guardiola a ap tann jwè Marco Rose yo nan Etihad Stadium 14 mars kap vini pou match retou a.

Manchester City fè yon match nil (1-1) fas ekip RB Leipzig la nan match ale Champions League la. Erling Haaland pa rive mete yon boul nan gòl la, pou 90 minit li jwe yo, li touche sèlman 22 balon, 4 sèlman te nan kare advèsè a ak yon sèl shoot nan gòl la. Yon estatistik ki fèb pou yon jwè ki gentan fè 32 gòl pou 31 match li jwe sezon sa. Gòl City a te fèt nan 27 minit aprè yon pas Grealish te bay Mahrez. Atakan nòvegyen an te izole epi transparan nan rankont lan.

Nan 2zyèm mitan rankont lan, Citizen yo tap chache break la, men koyekipye Nkunku yo pi agresif epi jwe plis dirèk, sa ki ta pral mennen gòl egalizasyon an pou Leipzig, sou yon kout tèt Gvardiol nan 70zyèm minit. Absans Kevin de Bruyne te peze anpil pou Manchester City, paske Ilkay Gündogan pat rive bay ekip la kreyativite ak bèl pas nan do defans advès la.

Aprè rankont lan, teknisyen espanyòl la fè konnen atakan nòvegyen an te enpòtan anpil pou ekip la.

“Li pote anpil, plis pase sa nou pa ta imajine. Li te nan yon match ki gen anpil pas, fòk yo te chache l plis. Se pa yon bagay ki fasil. Men li te byen adapte l” deklarasyon Guardiola nan mikro BeIN Sports.

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive