Pou pi piti 2,6 milyon timoun an Ayiti ap bezwen èd imanitè pou ane 2023

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
pou pi piti 2,6 milyon timoun an ayiti ap bezwen èd imanitè pou ane 2023

Akoz kriz plizyè dimansyon peyi an ap fè fas  dènye ane sa yo, òganizasyon UNICEF fè konnen pou ane 2023 sa, an Ayiti, plis pase 2,6 milyon timoun pral gen bezwen yon asistans imanitè pou yo kapab rive viv.

Kriz politik, ensekirite an k ap taye banda sou prèske tout teritwa nasyonal la, epidemi kolera a ki reparèt, lakoz genyen yon demi-milyon timoun anplis an Ayiti k ap gen bezwen èd imanitè, sa ki bay yon total 2,6 milyon pou ane 2023 a, daprè UNICEF.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Se youn nan peryòd ki pi difisil pou yon timoun an Ayiti depi tranblemanntè 2010 la, e sa ap vin pi grav jou aprè jou. San yon èd imanitè prese prese, sitiyasyon yo riske deteryore pi plis toujou nan mwa k ap vini yo », pawòl Doktè Garry Conille ki se Direktè rejyonal UNICEF pou Amerik Latin lan ak Karayib yo.

Daprè òganizasyon an, kriz peyi an ap konnen aktyèlman an gen gwo konsekans sou lavi timoun yo nan peyi an, prensipalman nan rejyon metwopolitèn lan kote plis pase 1,2 milyon ap viv sou menas vyolans gwoup ame yo.

UNICEF atire atansyon konsène yo, prensipalman donatè yo ki nan kominote entènasyonal la, pou fè konnen genyen anviwon 8,000 timoun ki gen mwens pase 5 lane nan Site Solèy ki riske mouri grangou oubyen nan kolera si pa gen anyen ki fèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.