Manchester City kalifye pou final FA Cup la gras ak 3 gòl Riyad Mahrez

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
manchester city kalifye pou final fa cup la gras ak 3 gòl riyad mahrez

Jodi samedi a, nan demi final FA Cup la fas ekip Sheffield la, Manchester City kalifye pou final byen fasil aprè 3 gòl Aljeryen an. Aprè 3 reyalizasyon sa yo, Riyad Mahrez vini premye jwè nan istwa demi final FA CUP la ki fè 3 gòl. Citizens yo ap fè yon gwo konpetisyon, pou 5 match ekip la fè 17 gòl sanl pa pran youn.

Ekip Guardiola rive nan final FA CUP la san pran yon gòl epi make 17 gòl sou 5 match. Jodi a yo bay Sheffield yon leson foutbòl, ansyen jwè Leicester a fè 3 gòl epi vini premye jwè ki reyalize pèfòmans sa nan konpetisyon an nan kad demi final.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manchester ki kontinye ap kraze sezon an, Sky Blues yo nan batay pou Premier League la, nan Final FA CUP la epi kalifye pou demi final Champions League la, yon demi final fas ekip ki te elimine yo ane pase nan Koup gwo zoréy la, Real Madrid. Champions League la se objetik nimewo 1 klèb la pou sezon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive