8 pwen sèlman separe Real Madrid ak Barcelone nan Liga

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
8 pwen sèlman separe real madrid ak barcelone nan liga

Real Madrid resezi l nan Liga, aprè defèt li  fas ekip Villarreal la (3-2). Jodi samedi an Real Madrid genyen Celta Vigo (2-0) gras ak Marco Asensio epi Eder Militao ki fè gòl yo nan premye mitan. Yon viktwa ki pèmèt Merengue yo redwi eka ak 8 pwen Lidè chanpyona, FC Barcelone, kap resevwa ekip Atletico Madrid la demen dimanch lan pou match chòk 30tyèm jounen Liga.

Aprè kalifikasyon Merengue yo pou demi final Champions League la fas ekip Chelsea a (2-0), Real Madrid genyen Celta Vigo, jodi samedi an gras ak Marco Asensio epi Eder Mitao. Yon viktwa ki pèmèt ekip Ancelotti a konsolide 2zyèm plas Liga ak yon avans sou Atletico Madrid epi redwi eka ak Catalan yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Casablanca yo te domine rankont lan preske tout match la, yon lòt fwa, Vinicius kontinye ap fè defansè yo wè tout koulè, pasè desizif pou Asensio, Brezilyen an rejwen Antoine Griezmann ak Mikel Merino nan tèt klasman pasè Liga ak 8 pas gòl.

Chòk Atletico Madrid ak Barcelone demen dimanch lan, gen gwo anje pou 2 ekip yo. Men koman Top 3 prezante nan klasman Liga: Barcelone (73 pwen), Real Madrid (65 pwe), Atletico Madrid (60 pwen).

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive