AN KREYÒL

Marjory Michel : ” Sak rive André Michel la se konplo Youri Latortue ak Nenel Cassy 

Marjory Michel, ki se akolit Mèt André Michel depi estrikti SDP, fè yon gwo revelasyon sou zak dechoukay ki rive lakay pòt pawòl SDP a, daprè Marjory Michel. Se yon konplo ki byen planifye. Li akize ansyen senatè Youri Latortue ak Nenel Cassy epi plizyè lòt aktè nan vi pokitik peyi a. 

Dapre Marjory Michel, se yon plan byen monte ki genyen kòm otè entèlektyèl li, Nenel Cassy, Youri Latortue, Arnel Bélizaire ak Magalie Habitant. 

Ansyen Minis kondisyon fanm ak dwa fanm nan, deklare sou kont Facebook li, plan an te vize pou te boule kay André Michel, Marjory Michel, Ricard Pierre ak De Edmonde S. Beauzile an miyèt mòso. 

“Map tann yo”, se sa a nou te kapab li nan fen piblikasyon ansyen minis lan sou kont Facebook li. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave A Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *