MARNDR demanti enfòmasyon sou dokiman sekrè ki ta pataje ak dominiken yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
marndr demanti enfòmasyon sou dokiman sekrè ki ta pataje ak dominiken yo

Tòchon kontinye ap boule ant Ayiti ak Repiblik dominikèn. Ministè agrikilti resous natirèl ak devlopman riral demanti enfòmasyon ki fè kwè yo ta pataje yon dokiman sekrè ki apiye pozisyon dominiken yo sou konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la.

Nan yon kominike ki pibliye jodi jedi an, otorite MARNDR yo kalifye enfòmasyon sa k ap sikile sou tout rezo sosyal yo kòm rimè ki pa gen okenn fondman. Ministè an pote yon demanti epi « fè opinyon piblik la konnen li toujou defann pozisyon ki ale nan enterè peyizan ak agrikiltè nan Plèn Maribawou».

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Nan tout reyinyon, Ministè a toujou defann dwa pou peyi Dayiti benefisye egal a egal resous peyi a pataje ak vwazen dominiken», ekri nan kominike sa ki pibliye sou sit Ministè kominikasyon gouvènman ayisyen an.

Ministè agrikilti resous natirèl ak devlopman riral (MARNDR), nan menm kominike sa, anonse dispozisyon ki gentan pran, atravè Direksyon depatmantal Nòdès la, pou akonpanye chantye konstriksyon Kanal la.

N ap raple, konstriksyon kanal irigasyon sou Rivyè Masak la ki reprann depi 30 dawout pase an pwovoke gwo tansyon ant Ayiti ak Repiblik dominikèn kote depi plis pase yon semèn prèske tout rapò diplomatik ant de peyi yo kanpe, mete sou fwontyè yo ki fèmen nan bò pa dominiken yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.