Mbappé poko janm pèdi fas ak Messi, estatistik yo pale pou li  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mbappé poko janm pèdi fas ak messi, estatistik yo pale pou li  

Tout moun ki renmen foutbòl ap tann fas a fas ant Mbappé ak Messi a. Men avan final dimanch la, estatistik yo montre klè star Fransè a poko janm pèdi yon match devan lejand ajanten an. Kit se nan klèb kit se nan seleksyon. Aprè 4 lane ekip Frans lan pral toke kònn li fas ak ekip Ajantin nan.  

Nan mondyal ki te fèt nan peyi Larisi, jwè Ble yo te fann Abiseleste yo (4-3) nan uityèm final epi mete ekip Messi a deyò, yon edisyon Lafrans ta pral genyen pou yon dezyèm fwa nan listwa l. Dimanch 18 desanm lan se pral yon final ant 2 nasyon sa yo nan stad Lusail, men yon bagay ki enpòtan Mbappé poko janm pèdi fas ak Messi.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

2 jwè yo rankontre 3 fwa (nan mondyal 2018 la, 4-3 pou fransè yo, epi 4-1 nan yon match Lig champyon PSG fas Barça. Final sa ki pral jwe a gen anpil bagay ki kache deyè li, sa ki ba li anpil sans ak anpil atant. Messi ki pral pran revanch li epi mete fen nan seri echèk li yo nan final, posibilite pou deba meyè jwè tout tan fini, 2 ekip yo ki pral chache 3e etwal yo ak Balon dò a ki pral jwe nan final sa ant 2 jwè PSG yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article