Meksik: migran ayisyen yo antre nan biwo Comar pou egzije sibvansyon

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
meksik migran ayisyen yo antre nan biwo comar pou egzije sibvansyon
Yon gwoup imigran desandan ayisyen te pran daso sou ansyen biwo Pemex nan Tapachula, ki se Komisyon Meksiken pou Èd pou Refijye yo (COMAR), pou yo te mande péman pwogram ijans sosyal pou mwa desanm lan, ki te anile apre yon konfwontasyon ki te blese twa moun, ki gen ladan yon fanm ansent.
Otorite yo te anonse pèman an ta dwe fèt 2 janvye, men sa pa t rive fèt  e te lakòz imigran ki enskri nan pwogram nan deranje. Se sak fè Imigran ayisyen yo te kòmanse fòse pòt la epi apeprè 100 moun te rive antre, se sa jounal Meksiken El Sol de Mexico rapòte.
Imigran yo ap reklame pèman yo pou mwa desanm nan, ki te retade akòz yon chanjman administratif.  Diario del Sur te eseye jwenn enfòmasyon ofisyèl, men li pa jwenn repons.
Apre yo te antre ak fòs, otorite enteryè yo te kòmanse òganize migran yo, epi te  pwomèt yo yo pral peye kòb sibvansyon an.
Deyò kote a, te gen anviwon 200 imigran k ap tann pou yo resevwa salè yo, pou  divès aktivite yo te fè  nan vil la, ki te rive plis pase twa mwa epi  yo t ap tann regilarizasyon yo.
Nan pwogram sa a pou ede moun nan kontèks mobilite imen an, mete an aplikasyon pa gouvènman federal la sou fwontyè sid Meksik ak Gwatemala, an mwayèn sis mil imigran anrejistre nan pwogram ijans sosyal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.