Nan kad yon patenarya ak Large Up, yon platfòm ki fè pwomosyon pou mizik ak kilti karayib la, rabòday pral disponib sou Apple music. Se ap yon fas a fas, sa yo rele nan lang anglè a battle, ant rabòday nou genyen an Ayiti ak Dembow ki nan Repiblik Dominikèn.
Royalty Statements unite the sounds of Haiti + the Dominican Republic on new "Raboday vs Dembow" Mix 🇭🇹 🇩🇴 https://t.co/Wzlu6VXRDR pic.twitter.com/ZyAEIJZ6jJ
— LargeUp (@largeupdotcom) January 27, 2023
Royalty Statements, yon ekip pwodiksyon mizikal ki baze nan eta Florid, ansanm ak yon kolektif kreyatif ki gen ladan Janlou Dumi Borge ak Dru Goicochea ki se 2 pwodiktè mizik, asosye yo ak Large Up yon platfòm ki fè pwomosyon mizik ak kilti karayib la, pou sòti Rabòday vs Dembow, yon mixtape k ap melanje kilti Ayisyèn ak Dominikèn nan sou platfòm Apple music. Sa kapab yon rapwòchman ant 2 peyi sa yo, ki deja pa gen yon bon relasyon depi plizyè lane deja.
Pou kapab lanse patenarya sa, depi aswè a vè 10è, Large Up ap deja gen yon kantite mixtape sou apple music, mixtape rabòday ak Dembow a ap disponib tou.
« Dembow se son lari a nan Repiblik Dominikèn e rabòday la reprezante menm bagay pou Ayiti. Nou kòmanse wè atis Ayisyen ak Dominiken sou menm mizik, se yon peryòd ki eksitan anpil, paske mete ansanm Ayiti ak Repiblik Dominikèn se yon gwo pati nan Agenda nou. » se sa Dumi, youn nan òganizatè yo te deklare.
Mixtape la gen sou li mizik atis tankou Tony Mix, Dj Bullet, Andy Beatz, High Mix, Don Miguelo, Team Madada, Boulin 47, Serani, Ange Dior, pou site sa yo sèlman.
Dumi Borges ak Dru Goicochea leve nan melanj 2 tandans mizikal sa yo, e depi plis pase 10 lane, yo mete tèt yo ansanm pou fè yon dio pwodiksyon mizikal. Yo deja kouvri tandans tankou dancehall, reggaeton, konpa, hip-hop, ak funk carioca brezilyen. Gras ak patenarya yo a, yo vle ankouraje plis echanj ant 2 peyi ki sou menm zile a, men ki toujou divize akoz istwa pase yo.
Ann espere modèl patenarya sa yo ta rive fè menm bagay la ak lòt tandans mizik nou genyen an Ayiti tankou konpa ak rasin.
Facebook Comments