Plizyè Ofisye lapolis ak manm Sendika SPNH-17, akonpaye pa Kabinè Advocatus Law Firm ki dirije pa Mèt Arnel RÉMY, depoze jodi vandredi 27 janvye sa a, yon plent nan Kabinè Enstriksyon kont manm Konsèy Siperyè Lapolis Nasyonal la (CSPN). Daprè Mèt Arnel Rémy, CSPN nan ki pa t ede Polisye sa yo ki t ap mande èd, pinisab pou « non asistans » ak moun ki an danje.
Vrèman vre, depi lane 2023 a kòmanse, polisye yo pa sispann pèdi lavi yo anba men bandi ak zam. Sèlman pou mwa janvye a ki poko menm fini plis plis pase 18 polisye deja mouri asasinen.
Dènye zak gang ak zam yo komèt nan depatman Latibonit kote yo touye 7 polisye yon sel kou apre divès polisye fin mouri asasinen nan Petyonvil, revolte popilasyon an ak anpil polisye nan lapolis la. Sitiyasyon sa a ki lakòz yon gwo leve kanpe nan lapolis la.
Se nan lide sa a, Sendika Lapolis Nasyonal Ayiti a depoze vandredi 27 janvye 2023 sa a, yon plent kont manm Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la. Nan plent sa a, SPNH-17 la akize manm CSPN yo lefètke yo pa bay oswa pa pote asistans ak moun ki an danje, epi yo akize yo tou de asosyasyon kriminèl.
Nan yon entèvyou ak redaksyon NetalkoleMedia, Mèt Arnel Rémy ki te anonse nouvèl la, te fè konnen lefètke CSPN nan gen pouvwa pou li pote asistans ak Polisye sa yo ki te mande ranfò, men li pa t pote asistans a polisye sa yo, yo pinisab pou « non asistans » ak moun ki an danje.
» Se nan kad lanmò polisye nou yo, polisye nou yo k ap plede viktim, polisye nou yo k ap plede mouri nan operasyon k ap mande ranfò, malerezman gen anpil aksyon otorite yo ta sipoze fè, men yo pa janm fè l », te eksplike Avoka a, ki te kontinye pou li di » jodi a la, SPNH-17 la ki akonpaye ak Kabinè a, pran responsablite l, pou yo depoze plent, paske manm CSPN nan gen responsablite pou yo aji, pou yo pran desizyon malerezman yo pa fè sa, se sak fè polisye nou yo ap mouri, grenn pa grenn konsa. »
Yon lòt bò, Mèt Arnel Rémy fè konnen aprè plent sa a, y ap tann pou lajistis fè travay li, lè yo konvoke manm Konsèy Siperyè Lapolis Nasyonal la (CSPN) epi yo tande yo, paske daprè sa Avoka di, moun sa yo ki konpoze CSPN nan, se yon seri de moun ki gen pouvwa otorite, ki malerezman pa janm pran responsablite yo.
« Nou konnen trè byen lalwa pini tout moun ki te gen posiblite pou aji, men ki pa aji », konli Mèt Rémy.
N ap raple nan 15 jou selman, gen 15 polisye ki mouri asasinen anba bal bandi ak zam nan peyi a, mete sou sa, zak kidnapin yo kontinye ap taye banda nan Kapital peyi a.
Facebook Comments