Pou piti 14 prizonye pèdi lavi yo ak 11 lòt sove nan prizon sivil Gonayiv la 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pou piti 14 prizonye pèdi lavi yo ak 11 lòt sove nan prizon sivil gonayiv la 

14 prizonye mouri, 11 sove aprè yon gwo tansyon ki te renye nan prizon sivil Gonayiv la. Nan yon konferans pou laprès li bay jodi vandredi 27 janvye 2023 a, Komisè gouvènman vil Gonayiv la Mèt Sénard Gasius te pwofite pote plis agiman sou dram sila a. 

Ayè jedi 26 janvye 2023 a, te gen yon gwo panik nan prizon sivil Gonayiv la, plizyè prizonye sove kite prizon an, plizyè ladan yo mouri. Nan yon konferans pou laprès li bay, Komisè Sénard Gasius bay yon bilan sou dram nan epi pote kèk presizyon fas ak kèk rimè sou chif yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sous nou « Radio Télé Zoom » depi Gonayiv ki te prezan nan tout konferans lan, komisè a fè konnen « Te genyen 517 prizonye nan prizon sivil Gonayiv la, 11 prizonye sove pandan derapaj la, 14 mouri pandan evazyon an, men gen 1 ki te mouri se Kolera ki tiye l ».  

Pandan li t ap bay bilan an, komisè Sénard Gasius dekri sitiyasyon an, daprè deklarasyon li yo ;  « se yon prizonye ki dezame youn nan ajan gad prizon yo, endividi a te tou kòmanse tire pou l ka sove nan prizon an, men li te gen yon gwoup nèg ak zam ki t ap tann li deyò prizon an ». Sa vle di, depi anvan evazyon an te gen gwo kontak ki t ap fèt pou reyisi evazyon sila a. 

Plizyè lòt prizonye te tou pwofite mete kò yo deyò, ajan fòs lòd yo malerezman pa t gentan rive a tan pou anpeche sitiyasyon an, komisè a fè konnen plizyè estrateji deja mete anplas pou retrase tout 11 evade yo epi tabli lòd kòmsadwa andedan prizon an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.