MENFP kondane zak briganday ki lakoz yon elèv pèdi lavi l nan Kafoufèy

Par
Mackendy Filderice
Rédacteur
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
- Rédacteur
menfp kondane zak briganday ki lakoz yon elèv pèdi lavi l nan kafoufèy

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), nan yon nòt, fè konnen se avèk anpil lapèn ak endinyasyon li aprann pandan jounen mèkredi 24 me a gen yon elèv NS1 nan lise Kafoufèy la, Jean Louis Samuel, ki tonbe anba bal pandan l tap sot lekòl.

Devan sitiyasyon sila a, MENFP di li kondane ak tout fòs li zak kriminel sila sou jèn sa ki t ap chache wout lakonesans, bandi san fwa ni Iwa etenn souf. Se sa k fè, yon lòt fwa ankò, Ministè a leve vwa l byen wo pou l di lavi tout moun konte e li enpòtan pou nou pwoteje lavi, sitou timoun ki pral Lekòl ki reprezante avni peyi a.

« Pa gen avni san jèn yo e pa p gen avni san edikasyon, se nou tout ki pou mete men pou pwoteje jèn nou yo », ekri Ministè edikasyon naysonal nan nòt li a, pandan li voye senpati l bay tout moun ki viktim nan zak briganday sila ki pase nan Kafoufèy, sitou fanmi elèv sila, zanmi l ak kamarad lekòl li yo.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.