Aksyon sa pase nan zòn Dam Mari, depatman Grandans peyi a. Popilasyon an rantre nan yon komisarya yo mete deyò epi boule Jacky Acus ayè mèkredi a. Daprè enfòmasyon nou genyen, viktim lan ta fè pati gwoup gang Vitelhomme k ap opere nan zòn Laboul la.
Lapolis te mete anba kòd prezime asasen Jacky Acus. Pandan ti tan lapolis pran pou dezenfekte sant bandi nan peyi a ki pa sispann kreye panik nan mitan popilasyon an, bò kote pa yo, popilasyon an pa sitire arestasyon malfra sa yo ki pa sispann fè yo monte syèl pa do depi yon bon bout tan. Jacky Acus, se te nouvo sib popilasyon an. Enfòmasyon yo fè konnen endividi sa ta rekonèt kòm dezyèm pi gwo chèf gang Laboul.
Popilasyon an ki te okouran prezime a nan yon selil anndan Komisarya Dam Mari an, rantre pran l epi mete l deyò. Yo dechire l, kalonnen l anba gwo kout wòch, jiskaske yo fè l souse pip li.
Si gen kèk kote ki pike manchèt yo pou anpeche bandi vin refijye yo nan kounouk ki pa pou yo, sèten lòt se chèche y ap chèche bandi nan tout tou rat.
Li enpòtan pou n raple, gouvènman Ariel Henry an te deja pale ak nasyon an epi kanpe an kwa kont mouvman popilè « Bwa Kale » a. Men, devan konplisite ak enkapasite otorite ki la yo, popilasyon an konprann se mouvman an ki sèl espwa yo, pandan yo kontinye rete kwè, pouvwa a enkapab pou anpeche gang yo donnen tankou djondjon nan tout peyi a, epi retabli sekirite pou tout moun kapab fonksyone.
Facebook Comments