MENFP : Korektè yo fè konnen ministè edikasyon poko janm peye yo yon goud lesko 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
menfp korektè yo fè konnen ministè edikasyon poko janm peye yo yon goud lesko 

Korektè yo ki te patisipe nan pwosesis korije egzamen bakaloreya pou ane akademik 2021-2022 a, poko resevwa yon pyas monnen nan men Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la (MENFP). Kèk nan pwofesè yo ki te patisipe nan seyans koreksyon an te enfòme redaksyon Nèt Al Kole Média nan yon apèl telefonik.      

Toujou selon viktim yo, ministè a ta dwe bay chak Korektè yon frè ki estime a 37. 000 Goud, aprè koreksyon kopi yo leta gen kondisyon pou wete 10% pou frè sèvis la, sa vle di 3.700 Goud. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kèk jou aprè piblikasyon rezilta egzamen sa yo, nan nivo 10 depatman jeyografik peyi a, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, ki gen kòm patwon Nesmy Manigat, jiskaprezan echwe pou onore dèt korektè yo an patikilye. 

Pi lwen, yon lòt pwofesè te tou pwofite denonse Minis Nesmy Manigat ki koupe frè delege sikwi yo a plis pase mwatye nan kòb yo te konn touche yo. Ane pase, delege sa yo te resevwa 18 000 Goud. Poutan, ane sa a sòm sa rekonèt yon gwo rediksyon ki evalye a 8,000 Goud. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.